Asasina nan Kafou fèy Ti Blan tatou militan sou Channmas .

Pòtoprens, 2 Mai 2021 (tinouvel.com)

Move Nouvèl: Asasina nan Kafou fèy Ti Blan tatou militan sou Channmas .

Ti Blan tatou militan sou Channmas .


Moun yo pa rive idantifye touye ak 2 bal nan tèt Ti Blan tatou militan sou Channmas jounen dimanch 2 me a.Dapre enfòmasyon  yo Ti Blan tatou ta mouri bò Eldorado ,plas jeremi nan  kafou fèy e anpil moun te kapab konstate sou yon foto kadav li kap sikile sou rezo sosyal yo  tiblan tatou ta gen nan  men  li yon biyè  500 goud.

Ti Blan tatou se yon militan sou Channmas ki trè ostil ak gouvènman defakto Jovenel Moise la e li toujou nan tout mobilizasyon kont Jovenel Moise.

Ronald Leon.

Comments