Pòtoprens , Dimanch 11 Avril la 2021 (tinouvel.com)
Move nouvel-Nouvel Kidnaping
Plis pase yon dizen moun kidnape pandan wiken sa a nan Pòtoprens.
![]() |
Yves Benoit Jean Marie |
Zafè kidnapin pase ak vitès siperyè pandan wiken sa a akote 9 moun nan legliz katolik gang "400 Marozo" te kidnape dimanch maten nan Croix-des-bouquets .Yè nan aswè samdi 10 avril 2021, bandi ak zam te kidnape yon koup (Billy ak madanm li) ki te sòti al achte Fritay nan ang Magloire Ambroise ak Titus.Bandi yo ap reklame 1,000,000.00 USD.Nan martisan enfòmasyon ta fè kwè yo ta kidnape responsab Palmera market la pandan l tap sòti Nan market la
Nan delmas 75 Gang ame Kidnape Direktè Medikal Ofatma Dr Trevant Valembrun ansanm ak yon zanmi li Yves Benoit Jean Marie ki se yon gran mèt nan mason lòj .Dr Trevant Valembrun te la pote swen medikal bay Yves Benoit Jean Marie yo tou kidnape yo nan menn machin lan .
Lis la te kapab pi long toujou paske gen anpil ka fanmi moun yo rete nan anonima e ki pa fè gwo bri nan laprès .Tout kategori sosyal touche anba fenomen kidnapin lan ,moun nan tout relijyon sibi kidnapin nan endiferans total gouvènman defakto an.
Lopital Bernard Mevs anonse lap fèmen pòt li Lendi pou denonse kidnapin Dr André Valembrun Samdi pase a. li menase pran "Plis mezi ap swiv nan jou kap vini yo, si yo pa lage."
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment