Aktyalitè pou jounen samedi 1er mai 2021 an.

 Pòtoprens, 1 Mai 2021 (tinouvel.com)

 Aktyalitè pou jounen samedi 1er mai 2021 an.

Niagara Falls 


.Pwosè ansyen depite taba Arnel Belizaire  ap komanse nan jou kap vini la.

Mèt André Michel ak mèt Marc-Antoine Maisonneuve enfòme laprès jedi 29 avril 2021  dosye ansyen depite Arnel Bélizaire ak lòt moun pare pou yo ale devan tribinal. Daprè Mèt Maisonneuve, jijman an ta dwe fikse pou lendi 3 me ou 10 me 2021.

.Gouvènman ayisyen an mande appui OEA pou  ede l nan òganizasyon  referandòm konstitisyonèl  27 juin .

Gouvènman ayisyen an, atravè Ministè Afè Etranjè ak Kilt,  ekri mèkredi 28 avril ,Prezidan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) pou mande èd pou sipòte dyalòg ant aktè politik yo pou ede yo nan òganizasyon  referandòm konstitisyonèl ak eleksyon nan peyi a ane sa a.

.Mwa me ,mwa mobilizasyon kont referandòm konstitisyonèl Jovenel Moise 

Sektè demokratik ak popilè a deklare mwa me a, mwa mobilizasyon jeneral nan tout teritwa nasyonal la pou yo pwoteste kont referandòm konstitisyonèl Jovenel Moise  ki pwograme pou 27 jen 2021. Responsab sektè  sa a kondane fenomèn Kidnapin ki kontinye ap fè viktim nan popilasyon ayisyen an.

.Move nouvel:Ansyen minis komes Josseline colimon Fèthière mouri.

Ansyen Minis Komès ak Endistri, Josseline Colimon Féthière ,sou administrasyon Rene preval la   mouri  Madi 27 Avril 2021, nan Repiblik Dominikèn, dapre pitit gason li ansyen senatè nò a Jean- Marie Ralph Fèthière. Selon enfòmasyon ki disponib, Madam Féthière te gen 76 zan ,li mouri akoz kansè nan mwal epinyè a.

.Vil Niagara Falls nan kanada deklare 18 me 2021 "Jou Ayiti" an omaj a 218th anivèsè kreyasyon drapo ayisyen an .

Nan sikonstans sa a, Vil Niagara Falls pral monte drapo ayisyen an pandan tout jounen an. Nan aswè, chit Niagara Falls pral tou limen ak koulè bikolò Ayiti, ble ak wouj.

Ismael Dorcius

Depi Pòtoprens.

Comments