Yon lòt atak nan kongre ankò ,yon polisye mouri ak yon lòt blese.

 

WASHINGTON, Etazini, 1 Avril 2021 (tinouvel.com)



Yon lot  atak nan kongre ankò ,yon polisye mouri ak yon lot blese.

    WASHINGTON, Etazini  Twa mwa apre manifestan pro-Trump te atake  Capitol Hill Kongrè ameriken an ,jounen Vandredi  2 avril kapital federal te sou alèt jeneral ankò .Yon machin te fonse ak tout vitès  sou 2 ajan polis li  touye youn e blese yon lòt . Apre atak la ,sispèk a, ki tap kondwi te soti nan machin lan ak yon kouto nan men li . Lapolis tire sou li e  te tou touye l . Atak sa a pa sanble ak yon  aksyon teworis, dapre otorite Capitol yo .

Tinouvel

Sous AFP


Comments