Pòtoprens , Lendi 12 Avril 2021 (tinouvel.com)
Yon ankèt louvri nan Pari apre kidnapin sèt relijye yo, ki gen ladan de franse.
![]() |
sr Agnès ak Pè MIchel |
Lendi sa a, 12 avril, 2021, paket tribinal Pari an frans anonse yo louvri a yon ankèt pou kidnapin ak sekestrasyon de relijye franse nan Croix des Bouquets tou pre Pòtoprens , nan fen semèn pase a. Se Biwo Santral kont Krim Oganize (OCLCO) ki responsab pou mennen ankèt la. Yon biwo ki la pou mennen envestigasyon lè yo kidnape yon franse kap viv lòt bò dlo.
Achidyosèz Pòtoprens denonse inaksyon otorite ayisyen yo apre kidnapin dis moun, ki gen ladan l sèt relijye ,senk ayisyen ak de franse .Legliz Katolik Ayisyen di li wè "Depi kèk tan,sosyete ayisyen lan ap desandan tèt dwa nan lanfè ", e li regrèt , de jou an jou "vyolans gang ame" ap vinn pi grav chak jou pi plis , li pran "yon pwopòsyon san parèy".
Nap fè sonje , kidnapè yo mande 1 milyon dola ameriken pou liberasyon otaj yo.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment