Superewo ou superzewo : Jovenel Moyiz Ki sa ou ye?

 Pòtoprens,  Lendi 5 avril (tinouvel.com)

Ayiti-Inondasyon

Superewo ou superzewo : Jovenel Moyiz Ki sa ou ye?

Mesye Jovenel Moyiz 

Rimè ki tap sikile sou diferan rezo sosyal yo ki te fè kwè prezidan defakto te manke nwaye Dimanch, 4 avril 2021,nan rivyè kite an demon nan depatman Nòdwès la, se yon gwo manti sèten individi mal entansyone ap simaye sou rezo yo pou diskredite tout gouvènman an nan  kontèks politik difisil sa a. Se yon "rimè malonèt ki vize simen konfizyon nan mitan popilasyon an, dapre Biwo Kominikasyon prezidans lan.

Biwo a, fòmèlman demanti enfòmasyon sa a e tou pote vèsyon pa li de ensidan an.Menn si tout moun te konstate Chèf Leta defakto a benyen ak labou , biwo kominikasyon an di mesye Moyiz pat nan machin lan, dayè prezidan manda l fini 7 Fevriye 2021 an pa gen  machin Nissan Patrol nan kotèj li, jan  imaj yo te montre li. "okontrè se sekou li ta l pote konpatriyòt li yo ki te nan difikilte pandan yo tap eseye travèse rivyè sa a. Pou biwo kominikasyon prezidans lan, se yon ewo ,yon superewo kite pote èd li bay sitwayen parèy li kite nan gwo difikilte.

    Men popilasyon atravè entènèt te plis konsidere mesye Jovenel Moise tankou yon zewo,yon super zewo ki pa fè anyen ,ki pa menn ka kenbe pwomès li yo.  Pandan manda l li pat mete  pon sou rivyè yo e li pat konstwi plizyè santen kilomèt wout pou te evite ensidan sa yo.

tinouvel509@gmail.com


Comments