Pòtoprens, Lendi 5 avril (tinouvel)
Ravisè Lage kat moun yo te kidnape pandan yon sèvis adorasyon ki te andirèk sou rezo sosyal yo .
![]() |
2 kameraman ak Pastè Audalus Estime nan mitan, Welmyr Jean Pierre |
Pastè Audalus Estime, Steven Jérôme, Francisco Dorival ak maestro Welmyr Jean Pierre yo te kidnape Jedi swa pandan yon sèvis jwenn liberasyon yo nan lannwit dimanch 4 avril pou lendi 5 avril 2021.
Kidnapè yo ki te mande yon r milyon dola ameriken pou libere 4 otaj yo. Li poko klè konbyen kòb fanmi yo ak legliz te peye pou lage yo .
Anpil vwa te leve pou mande liberasyon 4 moun yo te kidnape nan legliz Advantis Galaad nan Diquini 63.Otaj yo te pase kat (4) jou anba men bandi ame.Legliz la ak koral kreyòl remèsye tout moun ki te sipòte yo nan lapriyè.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment