New York , Vandredi 9 Avril la 2021 (tinouvel.com)
Move nouvel-Nouvel Lanmò
Rapè DMX mouri a laj 50 an.
![]() |
DMX |
DMX mouri apre li te fè yon kriz kadyak lakay li jou Avril 2 ki kite mete l nan yon koma pandan sèt jou. Apre yon semèn entène nan lopital White Plains akò z yon overdòs ak dwog kite provoke kriz kadyak la , rapè , aktè DMX mouri nan lopital, dapre sa fanmi l anonse nan magazin Ameriken Pitchfork la. "
Se ak anpil tristès nou anonse jodi moun nou te renmen anpil an, DMX, ki rele Earl Simmons mouri nan Lopital White Plains ak fanmi li bò kote l apre yo te fin mete nan asistans respiratwa nan dènye jou yo", nou ka li nan yon nòt pou laprès fanmi an voye bay medya yo
Deklarasyon kontinye pou di. " Earl se te yon vanyan sòlda ki te goumen jouk nan fen lavi li . Li te renmen fanmi l ak tout kè l . Mizik Earl yo ap kontinye enspire tout fanatik li yo atravè mond lan epi eritaj mizikal li ap kontinye viv pou tout tan. Nou apresye tout renmen ak sipò nou pote pou nou pandan tan difisil sa a. Tanpri respekte vi prive nou pou nou kapab fè dèy sa a.Earl Simmons te fèt 18 desanm 1970 nan Mount Vernon tou pre Bronx, New York.Li te gen 50 ak 4 mwa.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Si nou ap bay nouvel la mesyedam bay li byen.
ReplyDeleteDwog pete fyèl rapè DMX ki te komanse two gwanmoun pou kantite kokayin li te konn vale.