Premye minis defakto peyi a Joseph Jouthe demisyone ,Sektè Demokratik e Popilè di yo pa nan Negosyasyon ak Jovenel Moise .

Pòtoprens , Mekredi 14 Avril 2021 (tinouvel.com)

Premye minis defakto peyi a Joseph Jouthe demisyone,Sektè Demokratik e Popilè  di yo pa nan Negosyasyon, kowabitasyon, referandòm, eleksyon ak Jovenel Moise .

Claude Joseph,Jouthe Joseph ak Jovenel Moise


Premye minis defakto peyi a Joseph Jouthe nan yon lèt li voye bay prezidan defakto granmaten Mèkredi 14 avril 2021 an bay demisyon li pandan'l remèsye tout manm gouvènman ki te kolabore ak li.Touswit aprè li te resevwa lèt demisyon Joseph Jouthe a, Jovenel Moïse te anonse li te aksepte li e li nonmen  Claude Joseph Premye Minis defakto a.i.

Daprè Jovenel Moïse, demisyon Joseph Jouthe ta dwe pèmèt li rezoud pwoblèm ensekirite a epi kontinye diskisyon yo nan lide pou jwenn yon konsansis ki nesesè pou estabilite politik ak enstitisyonèl peyi nou an.

Sektè Demokratik ak popilè pa pran tan pou li reyaji ,mèt Andre Michel sou kont twiter li, ekri "Demisyon Premye Minis Defakto Joseph Jouthe la pap chanje Anyen nan Kriz politik Peyi a.Pwoblèm nan se Jovenel Moise.Pozisyon Sektè Demokratik e Popilè pa chanje.Nou pa nan Negosyasyon, kowabitasyon, referandòm, eleksyon ak Jovenel Moise ki gen manda li fini depi 7 Fev 2021"

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments