Pòtoprens , Vandredi 9 Avril la 2021 (tinouvel.com)
Plizyè vwa leve kanpe pou mande liberasyon Abelson Gros-Nègre ,lapolis gaye britalman mach sa a .
Plizyè dizèn moun te akonpagne fanmi Abelson Gros-Nègre manm fondatè Sendika Polis Nasyonal Dayiti (SPNH-17) pou te manifeste vandredi 9 avril sa a nan Pòtoprens pou mande liberasyon ansyen polisye ak manm fondatè sendika Polis Nasyonal Dayiti (SPNH-17) ,lapolis nasyonal te arete ileglman pou aktivite sendikal.
Mach la te derape nan enpas Eddy Carrefour-Feuilles, manifestan yo mache plizyè ri nan kapital rive nan lokal Biwo Pwotektè Sitwayen an (OPC) la polis entèvni ak anpil brital pou gaye mach lapolis la tire anpil bal ak gaz lakrimojèn.
Nap raple lapolis politik te arete Abelson Gros-Nègre Samdi 27 Mas 2021 e jete nan prizon n Penitansye Nasyonal la. Yo akize li asasina, tantativ asasina, destriksyon pwopriyete piblik ak prive.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment