Plizyè otaj libere pami yo Youry Valéry Dérival etidyan fakilte nan Syans Imèn ak ansyen komisè polis Manuel Gaston Orival

 

Pòtoprens, 30 Avril 2021 (tinouvel.com)

Plizyè otaj libere pami yo Youry Valéry Dérival etidyan fakilte nan Syans Imèn  ak ansyen komisè polis Manuel Gaston Orival . 

Manuel Gaston Orival
Youry Valéry Dérival



.

Kidnapè libere  Youry Valéry Dérival,  etidyan finisan nan fakilte  Syans Imèn yo te kidnape jou 27 avril nan ang nan Ri Clermont ak ri Lamartinière .  Youry Valéry libere san ranson jedi apre midi ,apre gwo jounen tansyon ak mobilizasyon etidyan yo nan divès ri nan kapital la .

Ansyen komisè polis Manuel Gaston Orival  jwenn liberasyon  jedi 29 Avril  24 trè tan zanmi ak fanmi li te manifeste nan Avenue Poupelard , pou egzije liberasyon ansyen direktè depatmantal sant lapolis nasyonal la. 14 bandi ak gwo zam ki tap sikile nan yon Prado blan te Kidnape Madi  nan aswè Manuel Gaston Orival anndan lakou lakay li pandan li tap jwe tenis detab ak kèk zanmi ak yon frè li nan ravin-Pintad, Pòtoprens.Ansyen komisè polis Manuel Gaston Orival  ki tap reponn kesyon  radio ibo pa konnen eske se pou lajan bandi yo libere li men plenyen akoz kidnapin sa a te fèt devan madan li ak ptitit li.



Yon lòt kote enfòmasyon ta fè konnen kidnapè yo toujou refize lage kazèk Wilking Dicette ak  biznisman Beaubrun Jean Faton, pwopriyetè yon estasyon gaz ki chita nan kwen Ri Cameau ak Magloire Ambroise . Negosyasyon yo ap kontinye selon fanmi  yo pou  jwenn liberasyon  yo.

Ronald LEON

tinouvel509@gmail.com


Comments