Pap François te priye yè dimanch li espere pèp Ayisyen ap gade lavni li avèk konfyans ak espwa.

 Pòtoprens, Ayiti, Lendi 4 avril (tinouvel)

Pap François 


Pap François  te priye yè dimanch li espere pèp Ayisyen ap gade lavni li  avèk konfyans ak espwa. 

Se te  nan Bazilik Saint Pyè  nan  Wòm Pap François te adrese yon mesaj nan fen mès Pak la,  dimanch 4 avril 2021 an prezans 150 fidèl .Souvren Pontif la te bay benediksyon l '"Urbi et Orbi", pou vil Wòm  ak  mond lan. Pap François  te priye pou pèp  Ayisyen e li  te  site pawòl St Jan Pòl II pandan vwayaj li an Ayiti nan mwa mas 1983, ki te di Ayisyen yo dwe kòmanse espere ankò.Se pou pèp ayisyen cheri lan tout panse l ak gwo ankourajman li yo ale nan jou sa a , "pou  difikilte yo pa fini ak ayiti , men pou pèp ayisyen  gade  devan ,gade lavni li  avèk konfyans ak lespwa". 

Nap raple Pap François te voye sipò espirityèl yo pou moun ki pi frajil yo e kap soufri nan kriz mondyal la, yon apèl pou lapè kote konfli toujou ap grangrennen sèten rejyon nan mond lan.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments