Niviane Petit Phelps, yon enfimyè Ayisyano Ameriken menase pou touye vis prezidan Kamala Harris .

 Pòtoprens, 17 Avril 2021 (tinouvel.com)

20 bagay nou dwe konnen sou Niviane Petit Phelps yon enfimye Afriken-Ameriken  ki menase pou touye vis prezidan Kamala Harris .

Niviane Petit Phelps


1-Li fet an 1982 nan Miyami florida ,li gen 39 van.

2- Li se piti ayisyen

3-Li abite nan Miami Gardens, Konte Miami-Dade, Florid.

4-Li se  manman  twa pitit

5-Li te viv nan diferan vil nan Georgia, USA tankou Marietta, Atlanta ak Duluth. 

6-Mouche mari li Joseph J. Phelps nan prizon nan yon Enstitisyon Koreksyonèl Wakulla nan Crawfordville, Konte Wakulla, Florid. Jozèf te kondane pou vòl  ame 1996 ak  li te touye  mèt  makèt la. 

7-An 2001, li te kòmanse travay nan Jackson Health System . Li te travay kòm yon enfimyè lisansye nan Sant Swen Anbilansye Jackson Memorial Medical Center. 

8-Li pa kwè  49eme vis prezidan ameriken Kamala Harris se yon fanm nwa

9-An fevriye 2021, li te anrejistre senk videyo lakay li nan Miami Gardens epi li te itilize aplikasyon òdinatè JPay pou voye videyo yo bay mari li Joseph J. Phelps .

10-Nan mwa fevriye li voye  5 videyo bay mari li Joseph J. Phelps  li menase pou touye vis prezidan Kamala Harris .Men kek pawòl li di"Kamala Harris, ou pral mouri. Jou ou yo konte deja. Yon moun peye m $ 53,000  "Nan yon lòt videyo "Si mwen wè ou nan lari a, mwen pral touye  manman bourik , Kamala Harris." Nan 18 fevriye, 2021, li te di nan yon videyo voye bay mari l  " f-n Kamala Harris, mwen fè sèman bay Bondye, jodi a se jou ou".

11-20 fevriye, 2021, li pibliye 2 foto youn li kenbe  yon pistolè ak yon sib ki gen plen twou bal ak yon lòt foto pitit gason l kenbe yon zam ak yon sib tou. 

12-22 fevriye 2021, li te aplike  pou yon pèmi zam . 

13- 3 Mas 2021, li vire dol bay de ajan Sèvis Sekrè Etazini ak detektif Depatman Polis Miami-Dade anndan kay li nan Miami Gardens epi li te di yo li pa gen zam men li te planifye pou jwenn youn. Li te refize pale avèk yo apre youn nan ajan yo te li dwa Miranda li yo.

15 avril 2021, yon jij federal voye li nan sant detansyon federal nan Miami. 

16  Scott Paul  se avoka li. 

17 -Menas lanmò kont vis prezidan an se la jistis kenbe kont li .Si Li yo jwenn li koupab li ka pase 5 an nan prizon federal.

18- Apre arestasyon li, Jackson Memorial Medical Center sispann peye li . 

19-Li te vote repibliken e li te kanpay pou majistra tèt chaje  Estevan Steve  Bovo .

20-Manman li di tèt li pati,li se yon moun malad ki fè depresyon depi li te pèdi kay li,mari li nan prizon e se yon moun yo manipile fasilman.



Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments