Pòtoprens, Madi 6 avril (tinouvel.com)
Move tan: Twa moun mouri, twa disparèt, ak plizyè santèn moun viktim.
![]() |
Inondasyon nan Nòdès |
Move tan kap pase annayiti nan debi mwa davril , touche kat nan dis depatman jeyografik peyi a.Dapre direksyon pwoteksyon sivil (DPC a) gwo lapli sa yo provoke inondasyon nan 3 depatman gran nò a.Larivyè desann nan Sant lan, Nò, Nòdès ak Nòdwès, , bilan 3 moun mouri ak anpil dega materyèl.
Yon moun te mouri nan Jean-Rabel ak 149 kay inonde. Nan komin Bois de Lance DPC konstate de (2) ka lanmò e twa (3) lòt moun disparèt nan depatman (Nò) an.Nan Terrier-Rouge, Caracol ak Trou-du-Nord (Nòdès) plis pase 1,270 kay te inonde Ajan enterimè te deplase plis pase 800 moun epi mete yo nan abri tanporè ki nan legliz Aglikan.Nan No sitiyasyon pa tèlman diferan gwo lapli te inonde plizyè ri prensipal nan vil Okap , Haut du Cap, Petite Anse, Charrier, Cité du Peuple, Fort Saint Michel, Bas-Champin .
Ayiti toujou rete yon peyi vulnerab malgre pwogrann pouvwa tèt kale toujou fè kwè anpil mezi pran pou pwoteje anviwonman an.Chak lapli toujou provoke inondasyon ,debòdman larivyè ,moun ap mouri, jaden ak kay kap kraze san kote moun yo ap pèdi bèt yo ak tout sa yo posede nan endiferans leta santral la.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment