mawozo ,legliz ak leta : yon yonyon pou 3 kretyen.

 Pòtoprens, 23 Avril 2021 (tinouvel.com)

mawozo ,legliz ak leta : yon yonyon pou 3 kretyen.




E si kidnapin 10 kretyen nan kwadèboukè dimanche 11 avril pami yo 2 relijye franse se te yon pretèks pou bandi negosye liberasyon kèk manm gwoup" 400 mawozo " kite nan prizon.Gen Enfòmasyon ta fè kwè leta ayisyen ta libere Joly Germine alyas yonyon an echanj kidnapè yo lage twa nan nèf relijye yo. Pami yo, de prèt ak yon  konsakre "enfòmasyon  Pè Gilbert Peltrop konfime, e presize  sis lòt otaj yo se yo ki gen plis pwoblem sante.

mawozo yo se yo ki leta a



Dimanch 11 avril gang  mawozo kidnape  dis (10) moun, ki gen ladan senk (5) prèt Evens Joseph, Michel Briand ( franse), Jean Nickes Millien, Hugues Baptiste, sè Agnès Bordeau (fransèz ), Anne-Marie Dorcélus, Lovelie Joseph, Welder Joseph ak Oxane Dorcélus, yo te mande yon milyon dola ameriken pou lage otaj yo .Oxane Dorcélus, manman pè Jean Arnel Joseph  te libere sou ranson ,yo te menn  pale legliz ta peye  kidnapè  yo 50 mil dola e kidnapè te lage  Madan Dorcélus akòz eta sante li ki tap deteryore konsiderableman. Se gang mawozo ki defini kondisyon negosyasyon yo, e se gang yo ki enpoze lwa yo sou tout zon sa a .Nan laprès lanmò san jou nimewo 2 gwoup gang lan te anonse leta konn ki sa pou li fè pou otaj yo libere e li te menn fè konprann se otaj franse yo ki pi enpotan pou yo.

Mawozo negosye ak legliz pou lajan anba chal yap negosye ak otorite peyi dayiti pou libere yonyon chef gang lan ki te kondane avi  nan lane 2015.Enfòmasyon fe kwe gen 5 lòt manm nan gang lan ki ta sou lis pou libere yo  pou bandi yo ta lage lòt 6 otaj yo.

Legliz ap priye pandan yap veye.

Legliz katolik pran diferan inisyativ pou egzije liberasyon 10 otaj yo yo te oganize  yon jounen pòt fèmen  vandredi pase,selebrasyon mès ak negosyasyon direk ak bandi yo ,ki pemet liberasyon 4 otaj  malgre sa 2 etranje toujou nan men ravisè yo e legliz menase kounye a pou yo pa bay kòb ankò.Legliz Katolik  te pran desizyon pou fèmen pou twa (3) jou tout enstitisyon li yo, eksepte lopital yo ak sant sante yo.  Jou vandredi 23 avril la, a midi tapan, klòch nan tout Legliz yo pral sonnen , yo pral fè mès kont malfektè yo.Pè Gilbert Peltrop enfòme  Legliz la gen entansyon depoze yon plent kont Leta pou non asistans moun ki an danje e pou tèt leta ayisyen  pa te pran responsablite li anvè sitwayen yo. 

leta iresponsab e toleran

  Fòs polis ak  ti bout lame Jovenel Moise pa mennen okenn operasyon pou libere otaj yo, ofisyèlaman otorite pa mete a la dispozisyon legliz negosyatè  pou pale ak ravisè ,sosyete lage 2 bra balanse nan men bandi ak zam e bandi ak vès vrè responsab klima ensekirite nan peyi a.Silans konplis leta a ak pasivite otorite yo soule kòlè ak endiyasyon sosyete a

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments