mawozo ak dcpj: yonyon toujou nan prizon daprè lapolis.

 Pòtoprens, 25 Avril 2021 (tinouvel.com)

mawozo ak dcpj: yonyon toujou nan prizon daprè lapolis.


    Yon rimè tap  kouri sou rezo sosyal te tankou yon bonm li te fè kwe Germine Joly alyas Yonyon nimewo 1 nan gang 400 Mawozo" ta libere an echanj ak twa (3) nan nèf (9) otaj relijye yo  gwoup 400 mawozo te  anleve nan kwadèboukè dimanche 11 Aril .

    Demisyon majistra Tribinal Premye Enstans Croix-des-Bouquets yo, Mèt Jean Joubert Michel, vinn ranfòse  rimè ,anpil jounal anliy te rapòte demisyon sa a ta gen rapò avèk zafè echanj yon yonyon pou 3 relijye .Kout teyat pòtpawòl polis nasyonal ayisyen an, Enspektè Gary Desrosiers pote yon demanti kare bare. Se fo ,enfòmasyon sa a pa vre ,pou Gary Desrosiers  yonyon  toujou nan prizon san li pat bay okenn lòt prezisyon.

(Sous Gazette.)

tinouvel509@gmail.com


Comments