Marline Flora Nerestant te disparèt depi jedi 22 avril ,yo te jwenn kadav li 4 jou apre.

 Pòtoprens, 26 Avril 2021 (tinouvel.com)

Marline Flora Nerestant 


Marline Flora Nerestant te disparèt depi jedi 22 avril ,yo jwenn  kò li 4 jou apre.

Yo dekouvri  kadav Marline Flora Nerestant, nan yon raje nan zòn  lopital petit Frere et sœurs,  nan Taba. Jenn fanm lan te disparèt depi jedi 22 avril apre fiyanse li depoze l nan lopital La Paix jedi maten .

Marline Flora Nerestant, 32, ap etidye enfimyè nan Inivèsite Notre-Dame an Ayiti (UNDH)  li tap fè yon estaj nan lopital La Paix nan Delmas.

sous RTVC radio caraibes

tinouvel509@gmail.com


Comments