Wayòm Uni ,Vandredi 9 Avril 2021 (tinouvel.com)
Prince Filip, mouche Elizabeth II , (papa gaf la) mouri Vandredi 9 Avril li te gen 99 van.
Prince Filip, Dik Edinburgh, mari Elizabèt II, mouri Vandredi 9 Avril nan chato Windsor . "Se avèk gwo lapenn ke Majeste Larèn lan anonse lanmò mari l renmen anpil la Prince Filip, Duke Edinburgh", dapre yon deklarasyon ki sòti nan Palè Buckingham, ki presize tou Prince Filip, ki te entène lopital dènyèman mouri "pezibman Vandredi maten nan Chato Windsor a".
Prince Filip , chèf move blag la (bevi ) pi mal pase Rene Preval
![]() |
Rèn Elizabèt II ak Prince Filip, toupre Kairn (Ostrali), an 2002.AFP |
Anpil moun repwoche Prince Filip anvan li mouri 9 Avril la te konn fè move blag pandan deplasman ofisyel li yo , yo te souvan repwoche li tankou yon blan senofòb oswa rasis ,yon vye aristokratik ki renmen fè move plezantri . Men kèk nan move pawol li di ki pa menn ka fè moun ri tèlman yo raz ou byen ki gen chaje prejije : An 2003 'Prezidan Nijerya te resevwa l ak yon boubou tradisyonèl sou li Prince Filip te fè yon vye komantè sou rad prezidan nan : "Ou sanble tou pare pou ale nan kaban ou pou al domi"
"Pou yon Aborijèn, li te mande an 2002:" Èske ou toujou ap goumen ak lans ? Pou yon gwo patwon Endyen(Inde), nan yon seremoni pou selebre divèsite an Angletè an 2009: "Aswè a gen anpil moun nan fanmi ou ki la". Lè misye te rankontre yon moun nwa ki nan aristokrasi britanik la li mande l " Ki kote ekzotik ou sòti nan mond lan ? Lòd Jamayiken reponn li : " Mwen sòti nan Birmingham."
Gaf sou gaf ,Prince Filip papa gaf.
Yon jou papa gaf la Duke Edinburgh nan lane 2000 ap rankontre ak an yon gwoup timoun soud ki kanpe tou pre yon òkès kap jwe drum ankwiv nan yon peyi Karayib : "Lè mwen wè kote nou ye la, se pa etonan nou soud konsa " Epi grav toujou nou pap kwè koze sa a an 2002 a yon fanm avèg ki te ak yon chen gid : "Yo di gen manje chen pou anoreksik kounye a!"
Prince Filip, Duke Edinburgh ne Filip Prince Lagrès ak Denmark fèt 10 jen 1921 li mouri 9 Avril 2021 li te gen 99 van .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment