Manifestsyon Liseyen yo pou mande pou yo al lekol san kè sote.

 

Pòtoprens , Lendi 12 Avril 2021 (tinouvel.com)

Manifestsyon Liseyen yo pou mande pou yo al lekol san  kè sote.



Elèv lise Petyon ak Daniyèl Fiyole manifeste jounen lendi 12 avril la pou mande sekirite pou 2 lise sa yo  kap fonksyone nomalmal.Depi 2 semen elèv yo di yo pa jwenn profesè e  mete sou sa  kout zam kap chante chak jou sou bèlè katye kote 2  Lise sa yo ye ,yon katye Gwuop 9 ap jere an tout enpinite.  Rive devan Palè nasyonal elèv yo tap chante :"nou mande lekol yo ba nou kidnapin ", epi liseyen lonje dweèt sou  jovenel moise ki pa fè anyen pou batay kont gwoup gang e pou pèmèt elèv ak pwofesè ale lekol san kè sote.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments