Leon Charles mal vini nan St Marc.

 Pòtoprens, 26 Avril 2021 (tinouvel.com)

Leon Charles  mal vini nan St Marc.

Plizyè militan nan opzisyon senmak la te rantre nan legliz katolik la pou rele chal bari dèyè direktè jeneral a.i lapolis la Leon Charles  ki te vin asiste mès nan okazyon 326èm anivèsè vil senmak. Militan yo te refize pou mès la chante an prezans leon charles.Yo repwoche inaksyon li nan batay kont ensekirite  nan peyi a.

Militan yo mande pou leon Charles  a al libere relijye ki nan men gang 400 mawozo yo avan li vinn chita nan legliz la. Militan senmak denonse leon charles yo di ki te bay lapolis lod pou te voye gaz awebo legliz St Pyè nan Petyonvil pandan selebrasyon yon mès pou pwoteste kont kidnaping 10 relijye nan kongregasyon St Jak.

Sou demand selebran prensipal leon charles te oblije kite legliz  la an chat pent e sa ki te pèmèt mès kontinye san bri san kont.

Ann gade videyo sa.


tinouvel509@gmail

Comments

  1. TiNouvel Kote videyo a ye? Li tap bon pou nou kreye yon kont YouTube tou

    ReplyDelete

Post a Comment