Legliz fache , ENARTS joure ,Beethova Obas ak Ritchie maestro Klass mande pou yo libere Welmyr Jean Pierre ak 3 lezòt yo.
Pòtoprens, Ayiti, Dimanch 4 avril (tinouvel)
Legliz fache , ENARTS joure ,Beethova Obas ak Ritchie maestro Klass mande pou yo libere Welmyr Jean Pierre ak 3 lezòt yo.
Anpil vwa leve pou mande liberasyon 4 moun yo te kidnape nan Legliz Advantis Galaad nan Diquini 63. Kidnapin espektakilè nan mitan yon kilt adorasyon Gwo pyanis ayisyen an Welmyr Jean Pierre ansanm ak Pastè Audalus Estimé plis 2 kameraman soulve indignasyon mond mizikal ayisyen ak showbis la .Beethova Obas an pasan pa Ritchie gwoup klass ak plizyè lòt atis denonse zak kidnapin sa a. Nan yon tweet sou paj ofisyèl li Beethova Obas ekri : "Welmyr Jean Pierre tifrèm, m konn lanmou w gen pou peyi sa a .Se twòp atò! Mwen mande liberasyon prese prese Pastè Audalus Estimé , Steven Jérôme, Francisco Dorival ak Welmyr Jean Pierre."
Président "defakto " Jovenel Moïse rele enstans konsène yo pou sa fèt prese prese. Ou pap dirije anyen laa": nou te ka li sou paj ofisyèl facebook ak tweeter otè konpozitè ,mizisyen de renome entènasyonal Beethova Obas .Nan yon live klass tap fè nan New York ayè samdi 3Avril la ,mande liberasyon Welmyr Jean Pierre ak tout lòt manm choral ak ministè Gospel Kreyòl .
Kidnapin Welmyr Jean Pierre , pwofesè mizik nan ENARTS soulve gwo kolè nan direksyon lekòl la ,nan yon nòt pwotestasyon anba siyati direktè jeneral Philippe Dodard pwoteste kont kidnapin pastè Audalus Estimé e reklame liberasyon yo san pèdi tan.
Nap raple se 2è fwa Legliz Advantis Galaad nan Diquini 63 viktim anba zak kidnapin.Nan mwa ki sot pase yo bandi ak zam te kidnape pitit Dr Greger Figaro yo te lage apre yo peye yon ranson.Dr Greger Figaro doktè je se Presidan Ministè Gospel Kreyòl .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment