kèk dizèn moun jeremi pike pikèt devan foyer kiltirel pou denonse prezans Martine Moise nan Jeremie

 Jeremie ,AYITI,  Madi 6 avril (tinouvel.com)

Jeremi-Sitin

Flash, Dènye nouvèl 



kèk dizèn moun jeremi pike pikèt devan foyer kiltirel nan vil powèt yo pou denonse yon swadizan foròm sou refòm kontistisyonèl ministè kondisyon fanm ap òganize jounen madi 6 Avril la .Manifestan yo denonse prezans Martine Moise madan Chèf Leta defakto a Jovenel Moise ki pral pran lapawòl nan forom sou referandòm ilegal la. 

Gabrielle Paul youn nan oganizatè sitin lan kalifye foròm yon "zak enkonstistiyonèl kap vyole konstitisyon 87, okenn enstitisyon piblik pa gen pwovizyon legal pou òganize referandòm, li fè konnen ofisyèlman se yon seyans fòmasyon sou lidèship fanm kap oganize nan foyer a men an prive tout envitasyon yo te anonse se sou refòm konstistiyon ilegal jovenel la yo pral pale.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments