Pòtoprens , Jedi 8 Avril la 2021 (tinouvel.com)

Move nouvel-nouvel lanmò



Analis nan zafè dwa(analis legal ) ak pèsonalite televizyon Midwin Charles mouri 6 Avril . Li te gen 47 an , fanmi li konfime move nouvel sa a  nan yon pòs sou kont Twitter li  .

Midwin Charles, avoka defans ak analis legal pou  chen TV MSNBC, CNN ,  mouri Madi 6 Avril 2021 ,li te gen 47 an.Fanmi Charles te anonse lanmò li nan yon deklarasyon ki afiche sou kont Twitter li Madi swa. Yo pa t devwale kòz lanmò an .

Midwin Charles 


" Se ak anpil tristès ke nou anonse lanmò premature pitit nou renmen anpil Midwin Charles ," dapre deklarasyon fanmi an . "Nou te konnen l kòm yon kòmantatèz legal nan televizyon, men pou nou li te yon pitit fi devwe, yon  sè, matant, nyès ak kouzen. Lavi nou chanje pou tout tan e nou pral sonje li pou tout lavi. "


Deklarasyon an kontinye, "Fanmi an remèsye nou davans pou lanmou nou ak priyè nou yo. "

Midwin Charles se te yon avoka defans Ayisyen-Ameriken. Li te fèt  nan Brooklyn ,New York .Midwin etidye dwa nan Inivèsite Syracuse li te fonde kabinè avoka NYC Midwin Charles & Associates. Li te bay kout men nan anpil televizyon nan zafè lalwa ,li  te sou pwogram tele nan CNN, MSNBC ak Wendy Williams Show la, li te yon kontribitè nan magazin Essence.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com




Comments