Jedi 15 avril 2021jounen lari blanch ak lari vid ,pou mande enstans konsène fè lage 10 relijye yo kidnape yo.

Pòtoprens , Lendi 12 Avril 2021 (tinouvel.com)

Plizyè konpayi prive ap fèmen pòt yo jedi 15 avril 2021 pou pwoteste kont kidnapin ak ensekirite.



Lekòl,inivèsite prive,chanm komès ,asosyasyon medsen,pomp gazolin ak lòt antrepriz prive ankouraje manm li yo pou fèmen biznis yo pou Jedi sa a, 15 avril, 2021 se yon fason pou yo pwoteste  kont ensekirite a ak kidnapin ki pase yon lòt vitès nan peyi a.Sektè prive a ini pou mande enstans konsène yo pou yo pran responsablite yo yon fwa pou tout nan fè sa ki nesesè pou tabli sekirite nan peyi a nou te li nan yon nòt ki te pibliye Mèkredi 14 avril 2021. 

Yon lòt pa legliz katolik ap chante yon mès a midi tapan nan tout peyi a pou mande liberasyon 7 relijye ak 3 layik katolik.E mande pou tout kloch legliz sonnen an menn tan pou denonse inaksyon gouvenman "defakto" a.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments