Pòtoprens, 1 Avril 2021 (tinouvel.com)
Gwo kout zam tap chante nan katye Bèlè bilan 7 moun mouri .
![]() |
katye Bèlè kap boule |
Gwo kout bal te pete nan katye Bèlè kote baz krache dife ki bò madan Kolo a, sonson ap dirije ki se alye G9 atake platon Bèlè jedi premye avril 2021 la.Pandan atak sa a gwoup gang krache tire 7 moun pou pi piti epi mete dife nan plizyè kay pou fòse moun yo abandone kay yo epi pou yo kapab rive pran kontwol tout Bèlè ki te toujou ap ofri yon rezistans anfas gang ame G9 Babekyou ap dirije .
Dapre enfòmasyon kap sikile yon mizisyen raram pran yon bal nan pye e 7 moun ta mouri e pifòo moun sou Bèlè desann al refijye yo nan Pòs machan yon katye tou pre a .Sa fè twazyèm fwa G9 babyekou atake plizyè katye Bèlè ki pa sou kontwòl yo .
Paralèlman byen bonè nan jounen jedi premye avril jen gason ki nan gang "Krache dife", Sonson ap dirije louvri kout zam sou yon machin vit tente nan ang rue St Martin ak Delmas 2, .Bilan atak sa a Lisa 20tan resevwa yon bal nan kou e li mouri sou plas pandan li tap pral rantre lakay apre li te finn desan n machin bòpè l.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment