Pòtoprens, 20 Avril 2021 (tinouvel.com)
Gagot nan kès leta, plis pase yon milyon dola ap depanse nan lobiyis ameriken.
![]() |
(Mercury Public Affairs) fim lobiyis. |
Atik Miami Herald montre koman Prezidan "defakto "Jovenel Moise ap foure men li byen fon nan kès leta pou peye byen chè lobiyis ameriken pou ede l rete sou pouvwa a malgre manda li fini depi 7 fevriye 2021 .
Nan mwa ki sot pase a, Jovenel Moise rekrite 4 nouvo gwo lobiyis ki gen anpil pouvwa nan fè pwomosyon pou anbeli imaj moun ki pèdi kredibilte li yo .Ansyen anbasadè ameriken nan Repiblik Dominikèn, ansyen chèf pèsonèl nan Oganizasyon Eta Ameriken yo ak de enfliyan donatè demokrat se kat nouvo anplwaye nan ekip lobiyis PHTK .
Gouvènman ayisyen peye konpayi (Mercury Public Affairs),Mèkiri Afè Piblik yon branch Mercury International UK Ltd office omwen $ 804,000 chak ane pou fè piblisite pou li. aktyèlman Kantite lajan vinn pi wo dapre atik Miami Herald. E se Bocchit Edmond aktyèl anbasadè ayiti nan Washington li ki se sèl demachè pou gouvènman defakto a ,kabinè avoka nan Coral Gables , Patino ak Associates ki se pou gwo donatè Demokrat Ralph Patino ap touche $ 37,000 chak mwa nan men gouvènman ayisyen an.Patino ak Edmond te siyen kontra nan fen mwa fevriye e konpayi an te kòmanse reprezante Ayiti depi 4 mas. Li eksplike ke wòl li se ofri konsiltasyon ak bay anbasad ayisyen konsèy estratejik pou konsolide bon relasyon yo ak Etazini
Gouvènman ap grennen lajan bay lobiyis ameriken tankou grenn lapli pandansetan pwofesè,enfimyè pa ka touche.
Selon dokiman yo, gouvènman ayisyen an te peye $ 74,000 davans pou mwa mas ak avril bay kabinè avoka a. Patino chwazi ansyen anbasadè ameriken nan Repiblik Dominikèn James Walter Brewster Jr pou mennen dosye sa a, Brewster kòm yon konsiltan tan pasyèl ap touche $ 15,300 chak mwa.Anplis Patino ak Brewster,gouvènman defakto rekrite de lòt gwoup lobiis pou jwenn bon gras gouvènman ameriken an .Yon konpayi ki baze nam Miami kii rele Amerik Latin Gwoup Konsiltatif, li te siyen yon kontra ane pase a ak gouvènman ayisyen frè chak mwa li se ant $ 8,000 a $ 25,000 yon mwa apre kontra fini li pwolonje kontra li a jiska janvye 2022.
Gouvènman ayisyen peye Johanna LeBlanc $ 5,000 pa mwa pou selman kominike avèk "U.S. ofisyèl ak lot antite piblik Etazini pou soutni Gouvènman defakto Jovenel Moise
Gwoup Konsiltatif Amerik Latin rekrite 2 lobiyis kite travay annyiti Suarez ak Baldwin yo chak ap resevwa $ 7,000 yon mwa.
Nan atik la toujou Miami Herald ekri administrasyon Biden lan sanble ezite pou li vini ak yon nouvo estrateji. Nan kontèks sa, efò lobiyis ap fe pou gouvènman defakto ayisyen paret ap mache pou lotorite defakto yo.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment