Fiziyad nan Site Solèy lendi 26 avril ve 9 di maten : 9 moun mouri ak plizyè douzèn blese .

Pòtoprens, 27 Avril 2021 (tinouvel.com)

Fiziyad nan Site Solèy lendi 26 avril ve 9 di maten : 9 moun mouri ak plizyè douzèn blese .



  Byen bonè nan maten lendi 26 avril vè 9  nan maten konsa,nèg ak zam krible anba bal plizyè kamyonèt kite ap pase sou wout nasyonal nimewo 1  pou antre nan Brooklyn ,nan site solèy.Bilan an lou anpil, nèf moun mouri pami yo yon fanm ansent 6 mwa ak yon pèsonaj ki gen 78 lane.



Popilasyon site solèy denonse pasivite komisè polis la ak majistra site solèy ki sou je yo pa fè anyen pou defann moun anba men gwoup bandi ak zam Andrice Yscard ap dirije nan site soley epi li plase sou lòd li yon sòlda ki rele matyas pou pran kontwol Boston .

tinouvel509@gmail.com


Comments