Fanm yo manifeste pou lavi ,kont vyolans .

Pòtoprens, Ayiti, Dimanch 4 avril (tinouvel)

Fanm yo manifeste  pou lavi , kont vyolans .

Manifestasyon fanm 3 Avril 2021


Plizyè santèn fanm te manifeste samdi 3 avril nan Pòtoprens, nan okazyon jounen nasyonal mouvman fanm ayisyen an. Manifestant yo te denonse vyolans gang e yo te mache  pou defann demokrasi. Fanm yo pran lari pou voye jete anbisyon demezure pouvwa defakto Jovenel Moise ki vle enpoze yon nouvo diktati.

Manifestant yo souhete fòmasyon gouvènman pwovizwa, ki pa respekte prensip egalite ant fanm ak gason, ki kapab pwoteje pwogrè demokratik ak pou òganize bon eleksyon nan peyi a.

Manifestasyon an te derape nan kafou a Ayewopò pran wout Nazon, desann Martin Luther King pou al bout sou Champ-de-Mars.  Pascal Solages responsab "Nou p ap Domi", te delivre mesaj  pou mande patisipasyon fanm nan espas piblik yo,e souhete fanm yo kontinye patisipe nan konstriksyon demokrasi nan peyi a". 

Manifestan yo te mache nan lari yo san ensidan, se gwoup rara fanm ki te akonpaye pandan tout pakou.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments