Evèk ayisyen yo mande pou lekòl ak inivèsite katolik yo fèmen jedi pou pwoteste kont kidnapin epi lamès kont tout malfektè.

 Pòtoprens , Madi 13 Avril 2021 (tinouvel.com)

Evèk ayisyen yo mande pou  lekòl ak inivèsite katolik yo fèmen  jedi pou pwoteste kont kidnapin epi cahnte mès  kont tout malfektè.



Pou eksprime endiyasyon yo aprè kidnapin 5 prèt , de mè ak 3 fidèl katolik Evèk nan CEH yo mande lekòl yo,inivèsite yo ak lòt enstitisyon katolik nan peyi a pou yo sispann tout aktivite yo apati  jedi 15 avril 2021, evèk Katolik yo mande pou klòch nan tout legliz  yo sonnen jedi a midi tapan e pou yo chante mès sou tout teritwa nasyonal  pou chanjman an Ayiti.

Nan yon nòt pou laprès ki te pibliye madi 13 avril 2021, Konferans Episkopal an Ayiti di  li regrèt  pa gen okenn sektè ki epanye anba fenomèn  ensekirite a. Achak fwa yo imilye, tòtire viktim yo , souvan  yo vyole fanm yo . Gen kèk nan yo ki twomatize pou tout lavi, dapre CEH , ki ap mande ki lè fleo sa a ap fini .

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments