Pòtoprens, 20 Avril 2021 (tinouvel.com)
Derek chauvin koupab
![]() |
Derek Chauvin |
Vèdik la tonbe . Lajistis ameriken kondane Derek Chauvin kom moun ki touye George Floyd. Manm jiri te li vèdik la Madi aprè midi (lè lokal) nan tribinal Minneapolis.
Polisye a 45-zan jwenn kondanasyon li Madi nan asasina a nan black Ameriken George Floyd. Yo jwenn li koupab nan twa chef akizasyon sètadi touye moun, homisid envolonte ak vyolans volontè. Avoka fanmi George Floyd te salye vèdik ki make "yon lot paj nan listwa."
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment