Depite ameriken pwopos , Biden dispos .

  

Pòtoprens, 27 Avril 2021 (tinouvel.com)

Depite ameriken  pwopos , Biden  dispos .


Andy Levin,Gregory Meeks, Albio Sires, 


Plizyè dizèn manm kongrè ameriken ki sòti nan tou de (2) pati yo ekri  Sekretè deta  Depatman Deta Ameriken Anthony Blinken pou eksprime gwo enkyetid yo sou sitiyasyon Ayiti kap deteryore chak jou pi plis epi   pwopoze   nèf( 9 )mezi pou chanje reyalite politik Annayiti .

Apre palmantè ameriken  rekonèt  kriz politik aktyèl la egziste depi yon bon pou tan  e raple ayisyen pandan yon dizèn lane kominote entènasyonal la envesti plizyè santèn  milyon dola pou ede Ayiti kreye yon estabilite politik , mete kanpe yon demokrasi reprezantatif ,malgre  tout jefo sa yo  se nad marinad.

Peyi dayiti vinn gen plis enstabilite politik sou rejim Jovenel Moise , se akòz enstabilite politik sa menn,  ki fè  ekonomi an ap efondre e "kidnapin" ak  vyolans gang yo nan lari yo fè  li vinn pi mal .

Gouvènman  ayisyen sa a  paka satisfè bezwen ki pi fondamantal sitwayen li yo dapre lèt depute ameriken yo. Jovenel   Moïse pa gen  kredibilite ak lejitimite pou fè  Referandòm Konstitisyonèl ki pwograme pou jen 2021 oswa pou oganize eleksyon lib e libè se konta 68 kongresman ameriken pou mande depatman deta retire sipò, yo bay rejim Jovenel Moise. 

Se apati konsta sa yo depite ameriken ,pwopoze e ankouraje Depatman Deta a:

Pou  Etazini pa ta dwe bay okenn sipò, finansye oswa teknik pou fasilite Referandòm Konstitisyonèl Moise lan,yo mande pou yon dola kontribyab ameriken yo pa depanse pou sipòte referandòm sa a.

Yo dwe Koute vwa sosyete sivil ayisyen an ak òganizasyon de baz yo, ki toujou di okenn eleksyon pa posib ak Jovenel Moise .Sou rejim aktyèl sa a, an Ayiti eleksyon sa yo pap lib, jis ak kredib.

Sispann foure bouch li nan diskisyon sou manda Mesye Moïse la, sa vle di pou depatman deta pa fè kòmantè sou entèpretasyon konstitisyon ann Ayiti, sitou konsènan manda jovenel moise ki fini depi 7 fevriye 2021 an . Dayè se pèp ayisyen ki pou detèmine lejitimite lidè li yo, se pa yon gouvènman etranje.

Palmante souhete depatman deta pran sanksyon kont moun ki enplike nan  fè abi ak moun kap vyole prensip dwa moun ak eta  dedwa epi aplike Lwa Magnitsky Mondyal kont yo.  

Li dwe batay kont  koripsyon ak enpinite nan lage ajans Ameriken pou trake lajan  otorite yo ki pa respekte lalwa, fè  Sèvis Revni Entèn lan (IRS),suiv lajan sa yo e mennen ankèt sou lajan sou revenu politisyen yo ak aktè sektè prive ki gen enterè nan Etazini yo daprè lwa finans ameriken yo.

Depatman Deta dwe  refòme politik Etazini an Ayiti e chwazi yon aktè serye e kredib pou sèvi li kòm Reprezantan Espesyal pou Ayiti.Komkidire palmantè pa two satisfe sou reprezantan aktyel ameriken annayiti.

Biden ap dispoze selon enterè gwo finansye ameriken yo e toujou kont pèp ayisyen an.

Diferan pwopozisyon palmantè ameriken sa yo sanble korèk ,yo ta enpotan, e se ta yon gwo kout pous pou ta  pèmèt Ayiti rekipre souverènte li  e vanse nan tablisman yon eta dedwa sepandan yo ensifizan pa rarapò ak fason , ofisyèl Depatman Deta yo ap jere dosye Ayiti yo .

Pandan palmantè yo ap dekòde, òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ak Misyon Nasyonzini an Ayiti (BINUH) ap kòde ,se yo kap  ofri sipò yo  nan pwosesis referandòm konstitisyon jovenel moise lan . Se Biwo Nasyon pou Sèvis Sipò pou Pwojè (UNOPS) kap bay KEP ki pa prete seman sipò teknik pou referandòm sa a  ak eleksyon ki dwe fèt pandan ane an.

Administrasyon Biden pa voye okenn signal klè pou montre dezakò yo ak pwoje totalite Jovenel Moise ,Li pa pran okenn sanksyon kont moun kap kontinye vyole dwa moun nan peyi dayiti, nouvel administrasyon sa a plis sanble  ap kontinye pwoteje delenkan ki  kontinye ap vyole ,piye,arete ilegalman e jete nan prizon militan politik ak polisye sendike  an tout enpinite.

tinouvel509@gmail.com



Comments