Bandi ak zam vyole de minè ak yon fanm nan yon òfelina nan Croix des Bouquets.


Pòtoprens , Madi 13 Avril 2021 (tinouvel.com)

Bandi ak zam vyole de minè ak yon fanm  nan yon òfelina nan Croix des Bouquets.
òfelina "Chanje Lakay"


Nan lannwuit Dimanch 11 avril 2021, yon dizèn endividi ame kase  òfelina "Chanje Lakay" ki nan komin Croix des Bouquets ,yo egzekite gadyen lokal la epi yo vyole de jèn tifi 14 ak 15 lane epi yo vyole yon anplwaye fi 27 tan, dapre Bryan Jefferson Clergy, ki nan tèt òfelina a. Bandi yo te pran lajan apre yo te fin bat direktè a ak tout madanm li . Kriminèl yo britalize lòt tou moun nan òfelina a.

  Malgre yo te peye bandi yo gwo sòm lajan, Kriminèl yo fòse ti fi minè  yo fè sèks ak yo.E yo menn  fòse lot Jèn ti adolesan fè felasyon (tibef) pou yo, selon  direktè   sant la.

Apre ensidan an, yon jij de pè a te fè konsta sèn krim lan, li rapòte 35 timoun ak anplwaye santi boulvese anba  trajedi terib sa a  .

Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com

Comments