Atak motel nan Leyogan yon moun mouri ak plizyè veyikil boule anndan komisarya leogan .

 Pòtoprens, 16 Avril 2021 (tinouvel.com)

Atak motel nan Leyogan yon moun mouri ak plizyè  veyikil boule anndan komisarya leogan .



Se nan zòn Barrière Rouge ak nan ri Saint-Laurent nan Leyogan  bandi ame antre nan biznis Jean Rony St-Hubert atake pwopriyete bank Bolèt  lan epi louvri kout zam sou li .Jean Rony St-Hubert resevwa  sis katouch , te al mouri nan yon lopital nan vil  leyogan . 


Apre move zak sa a,  Bandi ame pote ale kès bank Bolèt e ajan Polis Nasyonal Dayiti (PNH) yo te arete youn nan vòlè yo pandan li  tap kouri sove. Yo te mennen li nan komisarya Leyogan e popilasyon an ki te fache mande pou polisye yo  livre yo bandi  ki te prezan nan komisrya a  lapolis te refize remèt prevnu an.  Anfas ak opozisyon  sa a, pèp souveren mete dife nan plizyè machin nan lakou komisarya leyogan .

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments