Asasina e kidnapin apremidi lendi 12 avril 2021 nan Canapé-Vert, Pòtoprens,Patrick Thébaud mouri krible ak bal

 Pòtoprens , Lendi 12 Avril 2021 (tinouvel.com)

Asasina  e kidnapin apremidi lendi 12 avril 2021 nan Canapé-Vert, Pòtoprens,Patrick Thébaud mouri krible ak bal



  Li te  nan alantou 3zè   apremidi , a kèk  mèt soukomisarya lapolis Canapé-Vert, lè moun ak zam yo pa idantifye  atake machin Patrick Thébaud ,yon  "Lexus  blanch ", bandi yo te pete anpil kout bal e touye Biznisman lan e yo te kidnape yon lòt moun ki te nan machin lan   ,selon temwayaj rezidan yo.

Aprè zak sa a, bandi  ame yo chape poul yo, e kite yon moun  mouri  dèyè volan machin li an. Yon ti tan apre, ajan polis nasyonal ayisyen an te parèt sou sèn krim lan.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments