Apre pèp ayisyen voye jete referandòm pou chanje Konstitisyon an ,se tou Pa PHTK pou mande gouvènman defakto kanpe sou pwosesis saa.
Pòtoprens, 16 Avril 2021 (tinouvel.com)
Apre pèp ayisyen voye jete referandòm pou chanje Konstitisyon an ,se tou Pa PHTK pou mande gouvènman defakto kanpe sou pwosesis saa.
![]() |
bawon PHTK YO |
Liné Balthazar, prezidan PHTK, pati ki sou pouvwa a, mande Jovenel Moïse kanpe sou referandòm lan pou chanje Konstitisyon an ki, daprè li, enposib pou reyalize . Nan yon entevyu sou Magik 9 Li plede pou chanje Konsèy Elektoral la e pou gouvènman "defakto" chache yon akò politik pou yo ale nan eleksyon .
Nap fè sonje tout suit apre seremoni OPC te òganize pou te remèt travay sou nouvo konstitisyon an , BINUH te pibliye yon tweet ki te endike "pwosesis la pa ase enklizif".Men responsab BINUH ki apiye Jovenel Moïse san kondisyon nan tout deriv li yo bliye pèp ayisyen voye jete nouvo konstitisyon lap pale paske sosyete sivil,pati politik nan opozisyon e globalman popilasyon te mande yo pou yo pa manyen konstitisyon 87 la .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment