9 relijye ak layik yo te kidnape nan kwadèboukè sou 9e jou an detansyon anba men gwoup gang 400 mawozo.

 Pòtoprens, 19 Avril 2021 (tinouvel.com)

9 relijye ak layik yo te kidnape nan kwadèboukè  sou 9e jou an detansyon anba men gwoup gang 400 mawozo.



Lendi 19 avril sa fè 9 jou depi gang   400 mawazo kenbe an otaj 9 relijye ak layik   nan kwadèboukè, malgre yo te deja resevwa yon gwo sòm lajan. Kidnapè ta libere  selman manman Pè Anel ,madame Oxanne Dorcelus mèkredi pase depi lè yo san nouvel de 9 otaj yo.Selon enfomasyon ki rapote 9 otaj yo minote 24 sou 24, yo pa lib de mouvman yo  e se a la bèl  etwal yo ye nan mitan yon teren vid kote nèg  ame ap siviye yo nan nwuit kou lajounen.

Sekretè jeneral konferans relijye ayisyen CHR Pe Gilbert Peltro di li gen anpil enkyetid pou otaj yo sou plan sante .Daprè li kondisyon sante yo pa bon di tou,sante kèk nan yo ap deteryore anpil gen nan otaj yo ki gen 9 jou depi yo pa  pran medikaman ka yo merite ,pami yo Pè Michel Briand dwe chanje chak jou yon plak nan vant li 9 jou apre li pa jann chanje plak sa a,Pè Peltro di li enkyè pou pè Michel pa fè enfeksyon egu nan kote li te pran bal la.Yon lòt pè ki gen sante frajil ta supoze pran insulin  3 fwa pa jou apre 9 jou sa yo pa konnen kòman eta sante li ye.

Pè Peltro fè konnen se kidnapè yo kap fè lwa, ravisè  yo fè sa yo vle e li denonse inaksyon leta ayisyen ki pa santi soufrans 9 otaj yo  ,li anonse legliz katolik toujou mobilize pou jwenn liberayon moun sa yo.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments