7 Avril 7 tou Palè Nasyonal pou kraze miray Jonevel .

Pòtoprens,   Madi 6 avril (tinouvel.com)

7 Avril 7 tou Palè Nasyonal  pou kraze miray Jonevel .



7 tou Palè Nasyonal mèkredi 7 avril 2021 la  gen doub objektif. Premyèman se pou denonse enstorasyon yon diktati nan peyi dayiti e dezyèman pou komenore  218è  anivèsè lanmò Toussaint Louverture dapre Fernando Duclaire youn nan manm òganizasyon de baz nan  Pòtoprens  .

    Oganizasyon politik opozisyon yo envite tout sektè  nan popilasyon an pou fè 7 tou  Palè Nasyonal  menn jan pep izrayèl te fè 7 tou miray Jeriko anvan miray la kraze. Manifestasyon sa a ap derape  vè  10 zè  nan maten devan Rex pou pase  ri chavanes, ri lareinyon pou al fini devan Rex.

    Anvan mach la derape popilasyon kap vizite yon ekspozisyon foto tout viktim masak ak asasina ki fè  sou rejim defakto PHTK a.A midi tapan yo pral bat tenèb pou denonse Jovenel Moïse ki pran palè nasyonal la an otaj depi  de mwa malgre  manda fini  depi 7 fevriye 2021. 

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com

Comments