3 jounen pòt lekol ak univèsite ap fèmen pou egzije liberasyon 9 otaj yo

Pòtoprens, 20 Avril 2021 (tinouvel.com)

3 jounen   pòt lekol ak univèsite katolik ap fèmen pou egzije liberasyon 9 otaj yo.

KONFERANS EVÈK KATOLIK PEYI DAYITI YO


Di (10) jou nan men kidnapè yo legliz katolik deklare se twòp atò nan yon nòt pou lapres yo mete deyò jounen madi 20 avril la, pi lwen nòt la presize ,malgre tout apèl Legliz la, Evèk yo, Pè yo, Relijye/Relijyèz yo, fidèl layik yo, òganizasyon Sosyete sivil la, nan peyi Dayiti tankou lòtbò dlo, otaj yo pa jwenn liberasyon; yo toujou nan men kidnapè yo, ki pa sanble tande rezon. Evèk Katolik yo anonse 21, 22 ak 23 avril tout enstitisyon Katolik nan peyi a ap fèmen pòt yo eksepte lopital ak sant sante yo.

Resitasyon litani, meditasyon sou kèk Sòm lwanj ak Chaplè Mizerikòd se kèk zam legliz ap tilize kont malfektè kidnapè yo.

Legliz katolik  mande pandan 2 premye jou yo, Pè yo kontinye selebre Lamès  nan maten oubyen nan aprèmidi pou liberasyon moun yo kidnape yo, pou konvèsyon kidnapè yo, pou delivrans peyi Dayiti. Apre prèch la, li envite Pè yo resite Litani Mizerikòd BonDye a kòm priyè inivèsèl. 

Nan twazyèm jou a, jou vandredi 23 avril la, a midi tapan, klòch nan tout Legliz yo pral sonnen , yo pral fè adorasyon Sen Sakreman pandan Pè yo pral medite kèk Sòm lwanj tankou : Sòm 30 (29); 144 (143); 145 (144); 146 (145). Menm vandredi a, mande pou legliz la resite a 3 zè nan tout pawas yo Chaplè Mizerikòd BonDye a epi klotire ak  yon mès.

Nap raple dimanch 11 avril gwoup 400 mawozo te kidnape nan kwadeboike 7 relijye/relijyèz ak 3 fidèl layik ki tap pral patisipe nan enstalasyon Pè  Arnel kòm nouvo kire.Gang ame te mande yon milyon dola pou libere yo . 

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com

 

Comments