21 moun pèdi la vi ak 30 lezòt blese nan aksidan machin sou wout nasyonal nimewo 1 .

 Pòtoprens, 29 Avril 2021 (tinouvel.com)

21 moun pèdi la vi ak 30 lezòt blese nan aksidan  machin sou wout nasyonal nimewo 1  .



Aksidan an te fèt sou wout nasyonal nimewo 1, toupre sous koten ant karyès ak williamson nan depatman Lwès lè yon otobis kap  asire trajè Santo Domingo/Gonaives  te fè kolizyon avèk yon Minibus '' Pap-Padap ki  fè trajè  Pont-Sondé /Gonaives.

Premye konsta Jij depè Akayè  Henry-Claude Louis-Jean  te pale de kenz (15) moun ki mouri pami yo 8 gason ak 6 fi .Dapre kèk temwen se outobis ki fè  trajè Santo Domingo/Gonaives  ki okazyone aksidan terib sa a.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments