20 jou nan kaptivite finalman 6 otaj relijye jwenn liberasyon yo.

 Pòtoprens, 30 Avril 2021 (tinouvel.com)

20 jou nan kaptivite finalman 6 otaj relijye jwenn liberasyon yo.

Monseyè Max Leroy Mésidor 


Jedi 30 avril ,Bò de zè twant di maten gwoup 400 mawozo libere 6 otaj ki te pase 20 jou nan kaptivite nan men yo nan  kwadèboukè .Dapre Garry Benjamin mann selil kominikasyon kominote Pè Senjak yo , se nan baz 400 mawozo menn yon entèmedyè  te al pran 4 pè  yo,yon mè  ak yon layik apre yon negosyasyon konplike e epuizan.

    Mesye Benjamin demanti tout rimè ki tap sikile anpatikilye rimè  ki te fè kwè  yo te libere 4 otaj kit pa vle ale san 2 franse ,pou li menn koze sa a pat janm pale pandan negosyasyon yo.

    Achevèk Pòtoprens, Monseyè Max Leroy Mésidor sou bò pa li  eksprime rekonesans li bay Bondye Toupisan pou  jan li te aji an favè Legliz la. Monseyè Mésidor remesye tout moun ak  lot sektè ki te fasilite liberasyon otaj yo.

Pou kounye a 6 relijye yo ap resevwa swen ka yo merite.Pou reponn  kesyon eske legliz katolik peye pou libere otaj yo? ,mesye Garry Benjamin deklare kategorikman legliz pap janm rantre nan lojik bay kòb pou libere yon kretyen vivan paske lavi yon moun pa gen pri men fanmi yo ka deside peye pou jwenn liberasyon pwòch li yo.

Ronald LEON

tinouvel509@gmail.com


Comments