12 gwo klèb kontinantal mete tèt yo ansanm pou kreye Super lig.

Pòtoprens, 19 Avril 2021 (tinouvel.com)

12 gwo klèb kontinantal mete tèt yo ansanm pou kreye Super lig.




Yon gwo eksplozyon tonbe nan mond foubol la dimanch 18 avril nan aswè.12 klèb sa yo Liverpool, Chelsea, Manchester City, Manchester United, Tottenham, Arsenal, Real Madrid, FC Barcelona, ​​Atlético de Madrid, Inter Milan, AC Milan ak Juventus Turin anonse ofisyèlman yo kreye Super Lige yo menm  lanse yon  Sit entènèt pou  konpetisyon sa a. Super Lig se yon nouvo konpetisyon Ewopeyen an ant 20 gwo klib  15 se fondatè ak 5 kalifikasyon anyèl. Li pral fè de gwoup de 10 klib chak,yap jwe antre yo ale retou a domisil ak eksteryè chak ane .

Lajan pral tonbe a gogo sou klis sa yo plis pase $ 10 milya dola revni,

Apre etap  gwoup la , 4 premye nan chak gwoup yo kidonk 8 klib pral patisipe ap  nan yon tounwa eliminasyon dirèk menn jan ak lig des champyon ale /retou e chak match yo ap jwe nan mitan semèn  lan  e tout klib yo ap kontinye  jwe nan chanpyon a respektif yo nan fen semèn lan,  final  la ap fet sou yon teren net .Inisyate yo  ajoute tou  yap krye yon fon peyman Solidarite  10 milya dola pandan peryòd angajman premye fondatè yo. Peyman solidarite  sa a  ap fèt nan transparans konplè ak rapò piblik yo fèt  Regilyèman.Pou kounye a  Prezidan Real Madrid, Florentino Pérez vinn premye prezidan SuperLig  sa a, bòs Juventus Turin Andrea Agnelli ak bòs Manchester United Joel Glazer se 2 Vis-prezidan an .

Depi yè, anpil vwa opoze pwojè sa a ,patikilyèman  gouvènman franse, men sitou  UEFA, ECA, FFF ak LFP.Bayern ak Paris St Germain pa invite pou kanpe SuperLig la .Okenn peyi nan  ewòp de lès pa te envite  nan  SuperLig.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com




Comments