Pòtoprens, 1 Avril 2021 (tinouvel.com)
1 dous 1 cho ,Etazini yon diplomasi 2 pwa 2 mezi.
Ofisyèlman politik Ameriken anvè Ayiti se pou ankouraje ak ranfòse demokrasi,ede diminye povrete, analfabetism ak malnitrisyon men sitou pou ankouraje respè pou dwa moun. Anreyalite ,objektif li se ranfòse enfliyans li sou tout peyi nan karayib yo anpatikilye ayiti ,li vize mete ayiti sou depandans politik oswa ekonomik li yo.Se sak fè tout deklarasyon ,pozisyon ou byen tweet ofisyèl yo rezime konsa:"Nou enterese nan prezève demokrasi nan ti peyi karayib la ". Relasyon US-Ayiti te ka rezime an 3 mo yon dezi pou kontinye enfliyanse, kontwole ak domine.
Estrateji Ameriken an nan konfli Jovenel Moise ak pèp ayisyen nan konjonkti aktyèl sa a ta enpotan pou nou gade l atravè konpòtman diplomat ameriken
2 tweet diferan chak pati yo kwè se ak yo pou yo lap pale.
Depatman deta nan rapò anyèl mondyal sou kesyon dwa moun toujou gade ki jan dwa zimen ap evolye nan peyi ki sou kontwòl yo, anba enfliyans yo (Amerik latin-Karayib) ak sa yo ki kanpe anfas yo ,ki gwo puisans menn jan ak yo (Ris ak La Chin)Chak ane yo bay kanè pou konnen ki yès respekte ou pa respekte dwa moun selon visyon yo.
Pou ane sa a anbasad ameriken annayiti repwodi yon ti pati pou rezime vyolasyon dwa moun ann ayiti :" Etazini yon lòt fwa ankò mande jistis pou viktim dwa moun tankou bèlè, lasalin ak gran ravin. Nou ankouraje gouvènman ayisyen an pou pwoteje sitwayen li yo epi ranfòse efò pou mennen moun ki fè krim yo devan lajitis,jan sa te dwe fèt deja". Pawòl sa a sanble yon lide neut pou ankouraje dwa moun anba regleman lalwa ak konsolide enstitisyon yo .Men devan je yo la kidnapin ogmante plis pase 200 % ,rapò ouvet gouvènman ayisyen ak gwoup gang yo sou je yo,pwolonlagasyon ilegal manda Jovenel pa nan rapò sa a.
Tweet Asistan Sekretè Deta a nan biwo Emisfè Lwès la Madam Chung, lage kout dlo fret sou opozisyon ,se yon move nouvèl pou òganizasyon sosyete sivil ayisyen yo. (yon dous ou yon cho ) li ekri na yon tweet "Etazini, atravè USAID, ap ede pèp ayisyen an prepare yo pou eleksyon yo, nan bay KEP sipò teknik, ranfòse pati politik yo ak ONG yo, ak ogmante patisipasyon fanm nan politik ayisyen an, ". La yo vle momtre atachman yo ak pwosesis elektoral la, montre ameriken pap apilke politik entèvansyonis li.
Pandan yap denonse vyolasyon dwa moun yo, yo kontinye sipòte Jovenel Moïse manda li fini depi 7 fev 21 nan pwojè anti-demokratik li yo," Ameriken vle kenbe Jovenel Moise kom yon bon gadyen sistèm lan ki pran fom konsolide enterè l .Tout pozisyon ameriken lye selman ak enterè imedya ou alontèm yo.
Akòz pozisyon jeyografik Ayiti, Etazini toujou konsidere Ayiti tankou backyard li, aryè kou li ,se bon patnè komèsyal se yon alye prilejye nan batay kont komès dwòg , sa vle Istorikman anyen ayiti pa ka defini san yo .Tout sa kap fèt san Ameriken ap fèt kont yo.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com


Comments
Post a Comment