Pòtoprens, 9 mas 2021- (tinouvel.com)
Yon nouvo chèf gang pret pou kale nan Ri Nicolas,si sèlman si....
![]() |
Daniel Darinus aka Fantom |
Fantom menase pou li tounen yon gang aktif si otorite defakto pa remèt li machin li an ki tonbe nan yon kanal nan ri Joseph Janvier lendi swa 8 mas apre lapolis te louvri kout zam sou yon delagasyon rapè ki tap pral jwe nan vilaj de dieu.Moun pa al lekol pou aprann gang se kondisyon lavi ki pemèt jen gason ak jen fi gen zam nan men deklarasyon fantom fè pou montre li pre pou li transfome an Gansta Rap. Se lapolis ak otorite defakto ki ka anpeche li egzekite plan sa a si sèlman si nan 24 è tan yo remèt li machin li an ki se frui trarvay li .
Ansyen Rapè Barikad Crew kalifye zak lapolis ki tire sou yo a tankou yon tantativ asaninay. Lapolis te vle anpeche al jwe pou 3E anivèsè gwoup ame 5 segonn Izo ak Manno ap dirije nan Vilaj dedye .Li kontinye pou di pa gen okenn moun ki kapab anpeche jwe pou moun nan ghetto ni pou li tap vinn depute nan pwochen eleksyon yo.Tout moun jwe pou moun pa yo .Li se papa rap ,li pa jann jwenn envitasyon pou la l jwe nan Taras ni patisipe nan festival rap, se ghetto ki ba li valè lap toujou kontinye pèfome nan ghetto pou moun ghetto yo depi li jwenn envitasyon.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment