Yon Diplomat ayisyen pou twa li pa peye lwaye yon tidepo (storage) preske pèdi yon trezò ki estime a yon demi milyon dola.

 Pòtoprens , Mekredi 24 mas 2021 (tinouvel.com)

Tinouvel-Skandal nan Diplomasi ayisyen lan.

Sous La presse.

Yon Diplomat  Ayisyen  pou twa mwa li pa peye lwaye yon tidepo (storage) preske pèdi yon trezò ki estime a yon demi milyon dola.

 Justin Viard, ansyen Konsil Jeneral Ayitinan nan Monreyal


  Istwa te komanse an 2019 le Justin Viard, ansyen Konsil Jeneral Ayiti ak chef post nan Monreyal a lwe yon ti depot pou li te estoke machandiz li pou yon ti tan nan yon depo piblik.Nan ti depot te gen yon trezò tankou lò, ajan, Diamonds ak tablo yon gwo pent antiye apre li pa peye  3 lwaye depo a,Entrepôt Public deside yon vant ozanchè, san konsantman li ,yon trezo ki estime ak $ 500.000 dola.

Roxanne Balthazard achete san li pa konnen tout sa ki nan depo B227 nan Entrepôt Public li te peye $ 1,379 dola  , pandan yon vant ozanchè an jiye 2019 la.Se nan Madam Balthazard, kte kouvri  nan Kazye B227 plizyè atik ki vo yon fòtin, ki gen ladan yon koleksyon tablo atis pent ayisyen.Madan lan jwenn  twa tablo penti, yon estati ak yon bis an bronz Anioclès Grégoire, kreyatè moniman Tousen-Louvèti nan Quebec. Te gen tou yon tablo  Hervé Lebreton ak senk tablo Ernst Louizor, yon pent enpresyonist ki ekspoze anpil nan peyi Ewòp yo ak Etazini . Diznèf lòt penti anko nan koleksyon an.

30 minit pou li peye.




  An 2020  Mesye Viard, ki kounye a se reprezantan pèmanan ayiti nan Biwo Nasyonzini nan Jenèv lage koukourouj deye trezo saa, lage yon ekip avoka deye  pou reikipere  terzo li a, li di ki estime $ 500,000. Li konsidere tranzaksyon an ilegal,  li te gen yon ti reta kèk mwa li pat  peye lwaye li. konpayi te bali 30 minit pou li peye si se pa yo pral vann a la kriye piblik menm jou a tout zafe li yo. Li sèmante li pa resevwa okenn avètisman alavans. Sou lod lajistis nan momreyal yon uisye rive a sezi nan men  achtè  a kek atik  e yo gen lòd pou kenbe yo yon kote annatant jijman, li te jwenn tablo yo ,  diplomat la di li estime yo a $ 208,000. Men, prèske tout lòt bagay disparet.Men kèk  machandiz  Justin Viard vle rekipere ak konbyen kob yo koute 

Men sa yo sezi kay achtè Madam Balthazard   annatant jijman

- Tablo yo: $ 208,000

Yo pa jwenn yo, achtè a Madam Balthazard di li te bay

- 60 pè soulye: $ 21,000

- 70 rad: $ 35,000

- 3000 liv: $ 75,000

- 4 kes diven Châteauneuf-du-Pape: $ 14,400

Pa jwenn,  achtè a Madam Balthazard  di ke li pat janm wè

- Rolex 18-karat lò gade: $ 35,000

- Mont Rolex Submariner: $ 11,700

-  Mont Rado  ak Raymond Weil : $ 2,500

- 18-karat manch bouton pwayè annò: $ 3,800

- Bag an lò ak dyaman: $ 3,000

- Ajanteri an lò masif pou 12 moun : $ 1,700

- Kat kado gazolin Ultramar: $ 14,000

- Bijou: $ 8,300

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com







Comments

  1. Dechepiyè yo ye Yo konn kouri men yo pa konn kache. Epi nou poko tande se tout moun ki manje oubyen volè lajan pèp ayisyen zafè yo g
    en pou pase mal.

    ReplyDelete

Post a Comment