Tout moun nan lari a Dimanch 7 Mas pou di non ak ditakti.

 Pòtoprens, 6 mas 2021-  (tinouvel.com)


Tout moun nan lari a Dimanch 7 Mas  pou di non ak ditakti.

  Tout bagay pare pou mach pasifik  dimanch 7 mas 2021 dapre enfimyè Clara Guillaume ak Doktè Emmanuel Belimaire.Objektif mach la se pou pwoteste kont klima ensekirite, kidnaping ak zak asasina .Manifestasyon pasifik saa  jwenn apui divès sektè nan  lavi nasyonal tankou sektè pwotestan an, sendika yo,  sektè politik la ak òganizasyon sosyete sivil la .


Mach dwe rasanble plis moun toujou e li dwe yon okzasyon pou mande jistis pou Dr Ernst Pady ak enfimyè Édeline Louis Mentor 2 moun bandi ame te touye nan komansman semen pase a. Se pral yon okazyon tou pou pèp ayisyen kontinye di non ak ditakti Jovenel Moise dapre prensipal òganizatè yo.

Manifestasyon an ap gen 2 tèt youn kap sòti devan Fakilte Medsin ak yon lòt nan kafou Rezistans ou kafou aweopò. 


Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com

Comments