Skandal : Anbasadè Ayiti nan Chili, Mesye Monesty Junior Fanfil fè kadejak sou ti anplwaye nan anbasad la ki rele Michelle .

 Pòtoprens , Vandredi 19 mas la 2021 (tinouvel.com)

Skandal  : Anbasadè Ayiti nan Chili, Mesye Monesty Junior Fanfil  fè  kadejak sou ti anplwaye nan anbasad la ki rele Michelle .

Monesty Junior Fanfil 


Michelle X  yon ti anplwaye nan anbasad Ayiti nan Chili akize Monesty Junior Fanfil   fè kadejak sou li an plizye repriz e  li ta menn tonbe ansent.  Sa te lakòz yon gwo eskandal ki fè anpil bri nan laprès nan Chili. 

Selon enfòmasyon ki disponib, anbasadè ayisyen an nan Santiago,Chili  abize Michelle yon menagè nan anbasad  epi menase pou revoke li. dapre Michelle "Yon anbasadè gen anpil pouvwa nan peyi sa a epi li ka fè nenpòt bagay .Li te di lap rele PDI(Lapolis) pou mwen si mwen refize fe seks ak li ankò map di ou se yon vòlè", li di diplomat ayisyen an fè presyon sou li pou l fòse fè avòtman .

Nan yon nòt pou laprès, Minis Afè Etranjè , Claude Joseph, te anonse li te rele Anbasadè Ayiti nan Chili, Mesye Monesty Junior Fanfil pou ankèt .

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments

Post a Comment