Senatè Patrice Dumont mande pou polisye ayisyen rantre an rebelyon.

 Pòtoprens, 11 mas 2021-  (tinouvel.com)

Ayiti-ensekirite

Senatè Patrice Dumont mande pou polisye ayisyen rantre an rebelyon.

Senatè Patrice Dumont



Senatè lwès ki tap patisipe nan ranmase jounen samedi 13 mas 2021 kritike fason lapolis te planifye operasyon nan vilaj dedye pou deloje gwoup ame 5 segonn lan.Pou Senatè Patrice  Dumont direksyon jeneral lapolis pa ka rekipere kadav polisye ki tonbe sou chan batay alevwa pou li ta sekirize polisye yo . 

Anfas ak atitid lèse grenn ,manfouben ak avanturism nan tèt la polis la Senatè Dumont mande pou tout polisye pa pran lòd nan men Leon Charles Direktè A.I PNH la Sispann egzekite lòd chèf ilegal ak ilegtim yo deklarasyon PP Dumont  ,pi llwem li fè konnen apre depa pouvwa defakto yon gouvènman sali piblik  ap monte pou repare derive Jovenel Moise e jete bas pou fonde yon lòt polis.

Nap Raple Gwoup ame 5 segonn nan vilaj dedye egzekite,koupe ,rache epi imilye kadav 5 polisye ,blese 8 lòt .Bandi ame Izo ap dirije sezi 2 cha ak plizyè gwo zam fann fwa.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com

Comments