Sena a pase $ 1.9 billions bòdwo sekou Covid, Chamn depute ap bay apwobasyon final Madi apre voye li bay Biden pou li siyen li
Washington, 6 mas 2021- (tinouvel.com)
Sena a pase $ 1.9 billions plan sekou Covid 19, Chamn depute ap bay apwobasyon final Madi apre voye li bay Biden pou li siyen li.
Sena vote plan soulajman koronavirus $ 1,9 billions jou Samdi 6 ma 2021. Sena a apwouve plan an nan yon vòt 50-49 Repibliken vote non
Lwa saa an gen gen chek $ 1,400 pou ti moun ak granmoun , $ 300 chak semèn nan benefis chomaj jiska mwa septanm 21 .Li gen yon ekspansyon kredi taks $ 3.000 pou timoun 6-17 tan,3,600 pou ti moun 0-6tan pou yon ane. $ 170 milya pou lekol .100 milya pou sante piblik.
Madi 9 mas depite yo pral fe yon vot final epi voye li bay Prezidan Joe Biden pou siyati l anvan dat limit Mas 14 pou renouvle pwogram èd chomaj.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment