Reyaksyon pwofesè Rodolphe Mathurin Sou dosye elèv lekòl k ap fimen bòz, Lapolis arête nan Okap.

Pòtoprens, 9  mas 2021-  (tinouvel.com)

Ayiti-Sosyete.
Pwofesè Rodolphe Mathurin 


 Reyaksyon pwofesè Rodolphe Mathurin 

Sou dosye elèv lekòl k ap fimen bòz, Lapolis arête nan Okap.

ATANSYON. DANJE.

    Se pa nan prizon pou yo kouri mete elèv yo. Si Lapolis fè sa,  yo riske livre yo nèt a kriminèi tout kalte ki deja  pouri nan tout eksperyans. 

    Se pa yon kesyon Lapolis ka trete poukont li. Sa mande entèvansyon lòt enstans nan sosyete a, espesyalman selil familyal chak timoun. Voye yo nan prizon riske transfòmeyo an move zafè nèt.

    Pami yo, gendwa gen timoun se premye fwa yo nan espas la, yo panko menm fimen- e menmsi yo ta fimen, sa pa vle di yo se move zafè pou sa. Se jèn adolesan.  Tretman an paka fèt ak lafòs tankou anpil lòt dosye nan sosyete a. 

    Yo tout mande ankadreman sikolojik.  Se okazyon sa yo pou n ta mobilise kad nan inivêsitè leta a ki gen fòmasyon pou sa pou ankadre jèn yo. Paske, malerezman,  gen yon konsepsyon,  nan sosyete miwo miba nou an, ki pa panse pitit malere ka bezwen akonpayman sikolojik. Pri sévis sa a , isit, ede konsepsyon sa a kenbe.  Alòske tout ti moun kapab bezwen sa.  E granmoun tou.

Kidonk se pou Lapolis ni lajistis pa ale ak lafòs nan dosye a.

Rodolphe Mathurin :

33 lane kòm pwofesè 

Papa pitit 

20 lane eksperyans nan koze Sekirite Piblik, Ann Ayiti.

Comments