Reprezyon sendikal : SPNH -17 an dewout.

 Reprezyon sendikal : SPNH -17 an dewout.



 Majorite  mann komite egzekite SPNH -17  blije rantre nan mawon akoz  avi  rechèch sou 7 nan  yo.Lapolis nasyonal  akize yo kom moun ki ta komèt Krim, asasina tantativ ak kraze brise byen piblik ak prive.Reprezyon sendikal  komanse byen anvan evneman lendi 22 mas 2021 ,kote yon polisye ta sanble mouri ak yon lot blese

Men egzanp kek mezi pinitif gen PNH te pran kont polisye sendike yo:

Jean Elder Lundi, koòdonatè sendika polis nasyonal ayisyen an (SPNH-17), anvan avi rechech la,chek li koupe depi 6 mwa, li pa resevwa kat debi lapolis depi 6 mwa tou.

Guerby Geffrard, aktyèl delege SPNH-17 la ap travay men dosye li lapolis mete abandon pos. 

Rodzel ST Hilaire aktyèl delege adjwen SPNH-17 anvan lapolis lage koukourouj deye li,li gen tan pran 3 transfe ,jounen jodia li pa gen okenn afekstasyon kom polisye udmo,lapolia utilize sevis retensyon pou fe represyon sou .Sevis retansyon ap pran kob sou chek li pandan 6 mwa

Antoine Dario tranfere li nan move kondisyon nan Valiers

Jean Pascal Alexandre mann fondate SPNH-17 arete epi lajutis libere pnh mete menn akizisyon sou do li anko.

Rodzel ST Hilaire aktyèl delege adjwen SPNH-17 enfòme avoka yo pral mennen aksyon legal pou jwenn retrè a tout mezi sa yo  ke li jije ilegal e ki ap sal imaj enstitisyon polis la.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments